Interstate Screw Corporation -- 475 West 18th Street -- Hialeah, Florida, 33010-2418 USA -- Tel: 305-888-8700 -- Fax: 305-888-7081

ENGLISH PAGES
Home Page
Company Profile
Line Card
Tampin® Information
Technical Library Index
On-Line Catalog
Directions
Terms of Sale
Translations (English/Spanish)
Parts Photo Gallery
Historical
News/Press Releases
Company Photos
Appreciation Program
Employment
Privacy Policy
Contact Us
Become A Vendor
Company Store

HURRICANE PAGES
Hurricane Information
Hurricane Strength
Hurricane Shutters

PAGINAS ESPAÑOL
Nuestra Compañía
Anclajes Tampin®
Contactos
Terminología Común

TO SELECT LANGUAGE
Go To Main Page

PAGE NAVIGATION
Top of Page
Bottom of Page

Sou Zafè Konpayi Nou An

Chè vizitè web nou an:

Mwen ta renmen pran okazyon sa pou nou prezante ou biznis nou an. Li rele Interstate Screw Corporation. Nou te komanse depi nan lane 1956 ou depi 50 lane jouk nou rive pi gran distributè sèvis sa nan Floride akoz bon kalite sevis nou bay. Nou divize nan 2 gran branch: Yonn rele Allied Screw of Dixie ki responsab transpotasyon pou peyi letranje. Lot la se Atlas Bolt And Nut, pati ki responsab zafè pake machandiz, mete yo nan bwat oubyen nan kès.

Interstate pote yon pakèt kalite machandiz: boulon, ecrou, verou, tij pou ponp, ank pou bato, pwodi anpoud, … Nou genyen yon gro depo nan Hialeah (Miami) sou plis pase 15. 240 met kare ki prè pou delivre an ijans ak anpil tchok ke nou genyen. Nou gen pliske 25,000 lot nan depo ak lot kote ki ka pran pliske 75,000 lot bagay konsa nan kèk jou selman. Nou ta byen kontan pou’n ta fè nenpot kalité kès pou ou, nan jan out a vle’l la. Nou gen kapasite pou nou voye mil komann nan peyi etranje nan yon sel jou.

Nou pote anpil bon mak machandiz san tèt chaje, tankou: Powers, Buildex, Bosch, Pop Rivet, ak ampil lot. Tout bagay nou pote yo, yo fèt ak lot metal tankou Asye (2, 8, B7, A325, …), Stainless (18-8, 302, 304, 316, 410, 420, …), Kuiv, Bwonz, Aliminium oubyen menm Nylon. Anpil nan yo pare nan Sistèm Metrik ak egzijans machandiz blan meriken yo (JIS, BSW, ak lot ki ka rive satisfè sou demand ou). Nou ta pi kontan ede nan zafè pake machansiz. Ban nou yon chans pou wè, nou sètin, nou pap desi. Tanpri, fè nou konfians, voye ba nou ninpot bagay nap realize’l. Nap pi kontan pou nou ta ede ou lè founissè ou pa ta ka ou vle ede ou. Ou ka komande bon kalite pies ki fèt ak bon kalite materio. Nou deja genyen yon gro list (line card) ki pare pou montre ou tout kalite ak model ke nou pote; ou bezwen sèlman rele nou (email) mande pou li. Nou va email ou fax ou san okenn frè.

Nan pati sid nan Floride la, bann tchok nou yo delivre machandiz yon an lè egzat san peye sengkob. An plis nou genyen yon regleman frèt pou machandiz nan mezi poch ou. Pri ki pi ba a, se $50 ak sèlman $20 pou pran li. Gade nou, fè’l fasil pou ou pou trouve sa ou beszwen. Nou aksepte tout bon kredi kat*, chèk konpayi yo ak tout piès pou montre ou ap eye nan delè egzat.

Pliziè konpayi ki gen bon jan repitasyon, yo voye paket yo, fakti yo ak kouvèti ki otorize pa IFI nan do paket la e kouvri machandiz la daprè egzijans blan meriken yo. Nou dwe di ou ke menmsi tout demach nou yo deja rive e depase condisyon ISO 9000 yo, nou panko eli pou anrejistre nan moman sa, paske pri travay nou yo ta va pi chè. Men, nou garanti ou ke ISO otorize anpil konpayi ki asepte nou kon yon vandè kalifie. Nou fiè pou nou ta montre ou konbiyen sètifika honè ke nou resevwa lè ou vini nan buro nou.

Nou ap invite ou pou vini yon patisipant aktif nan indistri sa. Silvouplè, pa ezite rele noun an biro santral noun a Hialiah nan nimero 305-888-8700 or fax noun an 305-888-7081. Moun ki pa rete nan sid Floride la Ka rele nan 800-432-8979 ou fax nan 800-475-0602. Pa bliye, se yon sèl kote ou ka kanpe pou pake pake tot sa ou bezwen.

Respè pou ou,
<SIYEN>
Interstate Screw Corp’s
Pèsonèl de vant

* American Express, Master Card, Visa, Discover/Novus, Diner's Club, y Carte Blanche. 

sefa logo
stafda logo
The Southeastern Fastener Association
Specialty Tools and Fasteners Distribution Association
ihpa logo
The International Hurricane Protection Association

 


This page last updated 19 June 2007 and it was created 17 December 2005.
©1997-2008, Interstate Screw Corporation. All Rights Reserved. (Site Map)
The symbol means the link to the immediate left is an external link (not on this site).
Page written and designed by
Eric A. Seiden
made with macos